ANMWE - FONKOZE BEZWEN SIPÒ PIBLIK LA


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: ANMWE - FONKOZE BEZWEN SIPÒ PIBLIK LA FONKOZE te ekri a,

jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 08 Septanm 2000 a 21:16:29:

Gen yon modèl lèt sou paj wèb sa a:

http://www.globalexchange.org/getInvolved/fonkozefax.html

Se nan lang Angle li parèt. Men, si ou vle ou ka itilize tradiksyon lib sa a ke mwen te fè pou mesaj pa m nan.

Mwen pa konnen anpil bagay osijè ni FONKOZE, ni Amos Jeannot apa kèk mesaj mwen abitye wè sou entènèt la ki fè mwen kwè moun sa yo ap travay sou teren an epi se moun ki nan kan popilè a ap ede peyizan peyi nou. Mwen ekri sa paske gendwa gen retisans pou sizoka se manipilasyon politik ki dèyè mouvman sa a. Men, puiske pa gen anyen ki endike mwen se jwèt politik k ap fèt nan kad krim sa a, mwen deside ajoute vwa mwen ak pa lòt moun k ap mande responsab peyi a pou yo fè dilijans pou sove lavi yon Ayisyen parèy nou.

Sizoka gen politik nan koze a, yo va regle apre. Men, annatandan, fòk tout demach posib-eimajinab fèt pou prezève lavi yon moun, yon Ayisyen. Se konsa mwen wè li. Si gen lòt kanmarad ki pi enfòme, tanpri pataje moso enfèmasyon ak nou.

Mèsi davans...
-------

Ekzelans René Préval
Prezidan Repiblik Ayiti

Cc: Msye Pierre Denizé, Chèf Lapolis Nasyonal la
Anbasad Ayiti, Washington, DC

Prezidan,

Mwen ta renmen ajoute vwa mwen nan rèl osekou anpil moun ki renmen Ayiti ap fè lè yo aprann zak vyolans ki fèt kont FONKOZE espesyalman atanta ki fèt sou mouche Amos Jeannot, yon anplwaye FONKOZE. Li klè, fòk Lapolis Nasyonal Ayiti fè prese prese pou li envestige krim grav sa a demannyè pou dilijans yo ka pèmèt mouche Jeannot retounen sen-e-sof lakay li.

Sanble moun ki atake viktim nan ta deklare se manm Lapolis yo ye. Sa bay anpil kè sote. Si se ta vre, fòk gen desizyon serye ki pran lapoula pou idantifye epi jije moun sa yo.

Konsa tou, anplwaye FONKOZE ak manm òganizasyon k ap pote kole ak yo bezwen bonjan pwoteksyon pou yo pa sibi lòt atak pandan koupab zak sa a kontinye ap paweze.

Daprè manm FONKOZE yo, li se sèl opòtinite kredi pou anpil moun nan peyi nou. Yo di, byen souvan se sèl bank ki ofri sèvis chanje chèk pou vizitè etranje - kidonk, yon bagay ki gen enpòtans kapital nan kad devlopman touristik ak echanj ant Ayiti epi moun ki aletranje.

Mwen remèsye ou daprèzavwa mwen konnen ou ap bay mesaj enpòtan sa a tout atansyon li merite.

Prezidan, tanpri fè tout sa ou kapab pou ou ede sove lavi yon Ayisyen ki bezwen èd ou kounye a,

respè,

Jean Saint-Vil (Jafrikayiti)



Repons sou sijè sa: