Fanmi Lavalas - Lopozisyon - Liv Blan - Kle anba pòt


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Fanmi Lavalas - Lopozisyon - Liv Blan - Kle anba pòt jafrikayiti te ekri a,

JONAS afiche mesaj sa, jou 26 Septanm 2000 a 17:20:18:

JEAN
Mwen gen yon ti laj pase ou.Mwen nan sinkantèn mwen;mwen kite Ayiti nan ané 60 yo.
Lè mwen te jèn ti gason mwen te temwen monté diktati bout di Duvalier a.
Se poutèt sa mwen di PINGA.Pinga sa a mwen voye'lbay nèg ki di yo se demokrat yo.
Si yo pa bay fasis jwen'lap difisil pou yo retounen.
Nan nouvel kap sòti nan peyi a,outandeke de nèg ki tap mennen komka ansanm kont diktati akounnye a tankou lèt ak sitron.
Mounkap di ke fasis paka tounnen ankò mwen di"OTAN"
An nou fè youn ti vire gadesou dènie 50 an istwa kèk peyi nan Amerik latin yo.
An nou pran Guatemala.Apre koudeta CIA-STANDARDFRUIT kont gouvènman pwogresis Jacobo Arbenz an 1954 pèp Guatemala apran lè zam.Yo fè 40 an ap goumen;200mil moun mouri.Se pou di zòt depanse de santèn de milyon dola pou ampeche pèp Guatemala rampòte la viktwa.Pèp Guatemala a blije bay legen.
Ki pati ki o pouvwa kounye ya?Se pati Jeneral yo rele "Boucher du Guatemala".Misie kontrole Chamb yo,prezidan repiblik la se yon popetwèl li.
Jeneral sa, dapre Amnisti detwi70 Vilaj de pitit a la manmel.
Guatemala se yon peyi kigen ampil resous.Ki sitiyasyon pèp Guatemala jodi a?
Grangou nan Kò yo,50%popilasyon analfabèt ,yo pa ka mèm konprann lang nasyonal la ki se Panyòl.
An nou pran Nicaragua.Apre pèp Nicaragua ,Sandinis yo a la tèt,fwenk diktati bout di Somoza deyò,mèt "laboratwa" yo di OTAN.yYo lage yon lame "Contra"dèyè Sandinis yo.San koule a gogo.Pèp Nicaragua di li bezwen la pè.Sandinis pran goumen antre yo.Ki lès ki nan pouvwa kounnye ya?Se yon nèg ki te pròch "contra"
Nan tout rapòyo di Nicaragua dèyè kamionèt la.Ak Ayiti se 2 peyi ki pi pòv nan Amerik la.
Nou konnen sak te pase nan GRENADE lè mesie "NEW JEWEL MOVEMENT" pran goumen antre yo.
Mwen ta ka pran lòt egzamp ankò
Mwen di tou sa pou mwen di nèg ki reletèt yo demokrat yo :ATANSYON.
Ase ak konfli pèsonèl Genyen "Too many chiefs not enough Indians"
Pou mwen fini map mande eske se yon konfli ideolojik ki genyen ant Aristide ak Chavannes Jean Baptiste.Mwen pa kwè.Mesie fè yon chita ansanm.
Map di C. Jean Baptiste si ou wè Radio Vision 2000 ap bat bravo pou manifestasyon uo te fè nan Plato Sentral la,gen yon bagay ki pa kòdyòm.
Male...


Repons sou sijè sa: