An repons a: Youn Lèz nan Pawòl Ife ak Soul Michel-Ange Hyppolite te ekri a,
Franz Benjamin afiche mesaj sa, jou 12 Oktòb 2000 a 10:31:44:
Monchè Kaptèn,Lakontantman anvayi m lè m fin li premye lòsyè Pawòl Ife ak Soul. Se youn listwa kèsere. Se anmenmtan youn seròm ki ta mande pou nou ta pran youn ti dòz tanzantan. Lè mwen fin li lèt la, mwen kòm santi w ap voye toya ban mwen. W ap pale youn pawòl ki gade m nan je. Ki santi bon nan konsyans mwen. Mwen remake ke lang ou an pa rete sou pye palmis. Li naje nan fèy lotòn, li jwe nan nèj livè, li monte òdinatè l. Bravo Kaptèn. Mèsi pou lèt sa. M ap tann youn lòt lèz ankò. Si ou ta fè youn vwèlta nan Monreyal, mwen ta kon wè w. Franz Benjamin