Lè Kreyòl Kenbe W ... entèvyou SICRAD ak E. W. Védrine


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel Vedrine afiche mesaj sa, jou 25 Oktòb 2000 a 16:18:38:

«LÈ KREYÒL KENBE W:
Entèvyou Ak Lengwis Ayisyen Emmanuel W. Védrine
Nan Okazyon 10 An Rechèch Li Sou Lang Kreyòl»

Gotson Pierre, oktòb 2000

Ane 2000 la fè 10 an depi lengwis ayisyen Emmanuel Wevèl Védrine ap fè rechèch epi pibliye dokiman sou lang kreyòl la. Ant atik, liv, kòmantè, entèvyou ak tèz, pandan 120 mwa sa a, Emmanuel Védrine pibliye plis pase 300 tit (gade ‘Yon Bibliyografi Konplè Zèv E. W. Védrine Sou Kreyòl, Lang Peyi Ayiti' nan adrès: hometown.aol.com/mit2haiti/Dizan.htm).

Rechèch lengwis ayisyen sa a, ki pati al Etazini depi li te timoun, touche divès aspè lang ak kilti kreyòl. Ansèyman Kreyòl, Kreyòl nan medya, literati, alfabetizasyon, se kèk pami kantite sijè Védrine abòde pandan peryòd tan sa a, nan karyè li kòm moun k ap fouye chèchè.

Pou fè konesans ak li epi konnen refleksyon li sou kèk koze ki konsène lang kreyòl la, nou te poze l kèk kesyon. Pandan l ap pote repons, li pwofite poze yon seri kesyon tou. Paregzanp «Èske leta ayisyen gen yon enterè nan ‘difizyon lang kreyòl atravè lekòl Ayiti' e nan tout nivo pou kontinye devlopman l?» Nan entèvyou sa a, Védrine poze yon dal lòt kesyon, jan li di sa, «ki merite anpil refleksyon».


SICRAD - Depi kilè epi nan ki sikonstans ou kite Ayiti ?

E. W. Védrine - Mwen kite Ayiti an fevriye 1976. Mwen te sipoze antre an 1974. Bon, m te ti minè lè m vin Etazini; se te desizyon paran m.

SICRAD - Ki pakou inivesitè ak pwofesyonèl ou nan Etazini ?

E. W. Védrine - An tèm ‘pakou inivèsitè' e ‘pwofesyonèl' alafwa, ou ka jis jete yon koudèy sou otobiyografi m ki pibliye deja: [Bibliyograf, edikatè, editè, entèprèt, eseyis, grameryen, leksikograf, lengwis, powèt, rechèrchis, romansye, tradiktè, Emmanuel Wevèl Védrine fèt Lazil, Ayiti. Li etidye Lèt / Filozofi ak Lengwistik nan diferan enstitisyon ameriken e ewopeyen. An 1984, li resevwa Official Citation, yon onè ofisyèl nan men Dyayen Zafè Etidyan nan University of Massachusetts-Boston pou sèvis akademik li rann inivèsite sa a. Diplome nan University of Massachusetts-Boston («B.A», 1987). Diplome nan Colegio De España (Salamanca, Espay), «D.E.H» (Etid Ispanik, 1989), kote l pran yon fòmasyon kòm «Pwofesè espayòl kòm dezyèm lang». Li antre Boston Public Schools (1987) kòm «Pwofesè Syans Sosyal ak Lang Etranje» (Istwa Meriken, Istwa Jeneral, Kilti ak Lang Ayisyen, Preparasyon Karyè, Fransè ak Espayòl). Li konplete Pwogram Pedagojik «G.T.P» (Graduate Teachers' Program) nan Eastern Nazarene College (Quincy, Massachusetts, 1991). Konferansye nan University of Rhode Island (1990, depatman espayòl), Konferansye e Asosye Rechèch nan Indiana University (1999-2000, depatman fransè / italyen). Rechèrchis nan Universidad De Salamanca (Salamanca, Espay - 1982, 85, 87), Universidad Nacional Autonoma De México (UNAM, 1983), Freiburg Universität (Almay, 1985), University of Massachusetts-Amherst (1991), Indiana University (1997, 1999-). Pwofesè fransè / espayòl nan St. Gregory High School (Boston, Massachusetts 1992), Védrine antre Goethe Institute of Boston (1992) pou l pousuiv etid avanse nan lang alman. Fondatè e redaktè an chèf E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT (depi 1993), yon pwojè piblikasyon rechèch sou kreyòl ak materyèl didaktik pou Edikasyon Bileng Ayisyen. Bousdetid: University of Massachusetts-Boston (1985, Etid avanse nan ‘Edikasyon Bileng'), University of Rhode Island (1990), Etid / Rechèch avanse nan ‘Etid Ispanik'), Harvard University (1993, Etid / Rechèch avanse nan ‘Teyori Lengwistik'), Indiana University (1999, Etid/Rechèch nan ‘Etid Kreyòl, Lengwistik Fransè'). Animatè emisyon radyofonik «Chache Konnen» (Boston, 1996-97), yon emisyon ki baze sou rechèch ak kritik literè sou antèn Haiti Diaspo Inter 1330 AM), li resevwa yon diplòm «lidèship» nan University of Massachusetts-Boston (1997, College CPCS). Manm Asosyasyon ‘Ansyen Elèv Colegio De España' (Espay), ‘Ansyen Etidyan Harvard University', ‘Boston Public Schools', ‘The Annual Writers Workshop (University of Massachusetts-Boston).]

SICRAD - Antan Ayisyen k ap viv Etazini, kisa ki te eksite enterè w nan travay an kreyòl ak travay sou kreyòl ?

E. W. Védrine - A a! yon bèl kesyon! Si w ap fè rechèch sou kreyòl, w ap wè majorite kreyolis ayisyen gen yon enfliyans frankofòn kèlkonk (etid, enfliyans kiltirèl), donk m pa rate nan lis la. Tip edikasyon n resevwa Ayiti fè n devlope plis amou pou lang/literati fransè olye n ta devlope amou sa a pou pwòp lang/literati pa nou. Globalman, se yon enfliyans kolonyal ki fò anpil (lakay pèp kolonize). Pa reyèlman gen yon gwo chanjman ki fèt Ayiti nan sans sa a e chanjman sa a, mwen panse se youn ki dwe soti anwo desann (sètadi: lidè, edikatè, pwofesyonèl, entelektyèl ayisyen (si reyèlman sa ekziste), se yo k dwe kòmanse chanjman an kòm modèl pou jèn jenerasyon an e sa k gen pou wè koulè solèy demen.

Depi Ayiti yo te montre w ke kreyòl la se yon «dyalèk» li ye (bon, pa sans lengwis ba li) men se kòmsi «yon lang ki pa ta fin lang nèt», ki pa ta dwe itilize an piblik ou nan kèk kontèks sosyal. Ide sa yo te konn flote nan tèt mwen (menm pandan m te etidyan an Lèt). Men lè m kòmanse etidye lengwistik, gen yon chanjman radikal ki fèt nan panse m (jan syans sa a li menm konsevwa lang, filozofi ak reyalite dèyè l). Konsa, m te gen chans gen youn nan premye pwofesè m yo (Madam Ambrose Grillet; li pran doktora l «Sorbonne» an lengwistik. Apwoch li nan anseyman lang te trè diferan de lòt pwofesè ki pa t lengwis ou ki pa t gen yon konesans lengwistik men, ki espesyalize nan literati sèlman. Dtè Grillet te konsidere m kòm youn nan meyè etidyan l; li te toujou respekte m epi kòm chèrchè li te toujou montre yon enterè nan Etid Kreyòl. M asiste kèk nan kolòk li yo ak kèk kolèg lengwis (ki gen yon enterè tou nan Etid Kreyòl menm jan avè l.

Premye enfliyans pwofesè Grillet a pouse m pi lwen (pou m konsantre tou sou Lengwistik Ispanik). Se konsa, mwen kontinye ak pwofesè Esther Torrego (kòlèg ki travay ak Noam Chompsky nan domèn nan). Dtè Torrego li menm soti Madrid, se youn nan lengwis fanm trè ra (ki espesyalize an lengwistik ispanik) k ap anseye/fè rechèch toujou (Etazini, Espay).

Mwen pa ka bliye Dtè Ruiz Ricardo Navas (ki sot Espay tou) kòm youn nan meyè pwofesè m te ka genyen e ki an menm tan gen yon konesans enòm nan Lèt ak Lengwistik Ispanik. M aprann anpil de sajès li kote pi devan nan fè rechèch mwen vin tonbe sou rechèch lengwistik li an pòtigè ak anpil esperyans li genyen nan plizyè inivèsite etranje (an Ewòp, Amerikdisid, Amerikdinò) kote l te anseye, plis yon dezyèm doktora l pran Harvard University. Tèz doktora l sou sistèm vèb espayòl «Ser y Estar» (prezante nan Universidad de Salamanca, 1959) se youn nan rechèch lengwistik trè enpòtan nan domèn nan pou chèrchè; atravè konsèy li, m vin fè plizyè vwayaj Espay pou rechèch.

Apre baz sa a, mwen kòmanse etidye kreyòl (o nivo lengwistik) ak Dtè Marc Prou, toujou nan University of Massachusetts-Boston. Apre pakou sa yo, mwen vin antre nan anseyman segondè kòm Pwofesè Syans Sosyal (pwogram Bileng Ayisyen nan Boston Public Schools nan ane 1987. Se te reyèlman yon vrè laboratwa pou mwen kòm jèn pwofesè k ap anseye ti Ayisyen ki pa t sot Ayiti lontan, ki potko metrize lang anglè a (pou ta fè tranzisyon an pi rapid) e kote tou m te kòmanse mete teyori lengwistik sa yo an aplikasyon.

Non sèlman m vin fè twa fwa travay yon pwofesè ameriken, men m vin fè fas tou ak yon pwoblèm «materyèl didaktik» e nan pwogram syans sosyal la, te gen kou «kilti ak lang». M pa t reyèlman jwenn materyèl ki disponib pou elèv ayisyen e non sèlman sa, ou vin rankontre yon pwoblèm «nivo» (tout elèv yo pa ta p fonksyone nan menm nivo (menmsi yo te apeprè menm laj, sa k pi gran ou pi jèn pase lòt). Gen elèv ki kite Ayiti nan yon nivo avanse; gen lòt ki kite nan nivo trè ba, ki gen pwoblèm ekri nan kèlkeswa lang nan: fransè/kreyòl epi majorite potko metrize anglè nonplis. Nan klas mwen, elèv te gen chwa ekri nan youn nan 3 lang yo ( fransè, kreyòl, anglè); konsa, pa t gen okenn eskiz si yon elèv pa t fè devwa l. Mwen eseye senplifye pwoblèm yo byenke gen lòt pwofesè ki pa t vle tande zafè kreyòl la (sitou sa k te pi aje ki te anseye an Afrik). Jenerasyon jèn pwofesè ayisyen yo pa t gen atitid sa a (malgre yo ta plis itilize kreyòl aloral ak elèv nan klas yo), itilize plis anglè alekri.

Mwen vin tonbe m nan fè yon seri tradiksyon an kreyòl pou elèv yo. Imajine ou ap anseye yon kou Istwa Amerikèn, ou gen yon gwo papa liv nan lang anglè epi elèv yo apèn sot Ayiti? Gwosè liv yo sèlman twomatize elèv yo epi yo pa t ekri ni an fransè ni an kreyòl; donk fòk ou ta pran konsyans de reyalite sa a epi chache tout mwayen posib pou ede timoun sa yo, fè yo konnen ke yo ka metrize lang anglè a trapde (pandan w ap fè ti tradiksyon pou yo an fransè/kreyòl, pale anglè nan klas tou pou ede yo. Donk se te reyèlman yon plezi pou m te vin anseye ti Ayisyen, pale ak yo, pataje esperyans negatif/pozitif mwen ak yo e di yo chemen kout pou pase pou yo reyisi.

SICRAD - Pandan 10 ane ki pase yo, kouman w wè kreyòl la evolye ?

E. W. Védrine - Malgre m pa p viv Ayiti men m pa dekonekte ak reyalite peyi natal la. Estereyotip Ayisyen te konn fè de kreyòl lè m timoun Ayiiti, m kwè yo diminye (pandan 20 dènyè ane k sot pase yo) men yo poko disparèt. Evolisyon sa a, premyèman nou ka wè l atravè «laprès» (sou diktati Divalye a). Te gen yon près ki te patisipe nan lit pèp la e se youn nan rezon k fè plizyè jounalis te fòse pran wout ekzil nan ane 80 yo (pami yo, Jean Dominique).

Kite m di w nou menm jounalis, pa panse travay nou se nan jounal senpman l rete. Yon jounalis (si l òganize, disipline) ka youn nan meyè chèrchè, istoryen, ekriven, imanis (si l konsyantize). Yo gen aksè a plizyè dosye (jounal pale e ekri) men kesyon an se: kijan yo pwoteje ou pral pwoteje dosye sa yo pou listwa? Kijan y ap prezante yo ? Mwen renmen fè kòmantè e bay pwendvi m pafwa. Nou k pran ekzanp kèk ekriven selèb kouwè: Albert Camus (Fransè - pri nobèl pou literati), Gabriel García Márquez (Kolonbyen - pri nobèl pou literati) e tandòt ekriven selèb ki gen yon pase jounalistik. Se jounalis yo k ap sèvi ak lang pèp la e gen yon seri «mo nouvo» k ap antre nan lang kreyòl la se kèk jounalis ki met aksan sou yo epi yo vin pase aladous, pèp la ap itilize yo oubyen nan entèvyou ak pèp la, yo tande kèk ‘mo nouvo' epi yo menm yo aksantye sou yo, mo yo kontinye fè wout yo. Sètadi la a, nou menm chèrchè an lengwistik (sitou nan kad lang kreyòl) m kwè rechèch nou ta manke ti sèl si n ta kite jounalis ayisyen dèyè. Se nan ide sa a mwen mansyone enpòtans prezans yo nan konferans sou lengwistik ak literati k ap fèt, seminè ki dwe fèt pou ede yo menmsi yo pa lengwis men, apò yo trè enpòtan nan evolisyon lang nan. Se yo ki tout kote nan peyi a k ap ranmase enfòmasyon, k ap pale ak pèp la.

Donk nan kad sa a, m kwè lengwis nou yo (si yo valorize travay jounalistik nou yo) ta dwe menm fè kèk seminè patikilye pou yo, pale sou teknik pou kenbe dosye (sitou atravè entènèt la sèjousi pou fasilite rechèch sou Ayiti nan tout domèn). Li enpòtan pou jounalis yo non sèlman kenbe dosye (jounal, kasèt, videyotep, elt.) men tou, travay sou transkripsyon yo (sa ede anpil nan dokimante rechèch sou lang nan). Ou ka wè evolisyon sa a sou de fasad: 1) Jounal pale (nivo oral la), patisipasyon jounalis nan lit pèp la nan de dènye deseni yo pou l jwenn yon chanjman politik e kòm nou konnen, jounal pale a jwe yon wòl totalkapital nan kad «kominikasyon» ak pèp la ; sèdike majorite Ayisyen se tande yo ka tande nouvèl, kominike yo, men yo pa ka li akoz gwo pwoblèm alfabetizasyon ki lakay toujou. 2) Nou kapab wè volim rechèch ki ekri sou kreyòl (an majorite nan inivèsite lòtbò dlo) byenke n pa ka nye ti piblikasyon k ap sot Ayiti, nan dyaspora a sou kreyòl tanzantan, sa kèk layik ap pibliye men majorite chèrchè sou kreyòl ayisyen (natif kou blan) se aletranje yo ye.

Nou konnen tou Konstitisyon 1987 la rekonèt fransè ak kreyòl kòm 2 lang ofisyèl Ayiti. Se yon gwo grad kreyòl la pran nan listwa men se pa la a pou sa rete senpman. Kisa pwofesyonèl ayisyen nan tout domèn pral fè pou epole lang natifnatal la? Se yon lòt kesyon e yo pa dwe panse ke manman travay la se nan men lengwis, kreyolis, ekriven li ta dwe chita (kòm anpil moun panse). Se vre otè, chèrchè sa yo jwe patisyon yo deja: Georges Sylvain, Jules Faine, Suzanne Sylvain-Comhaire, Felix Morisseau-Leroy, Pradel Pompulus, frè Dejean yo (Paul Dejean, Yves Dejean), Carrié Paultre, Ernst Mirville, Pierre Vernet, Jan Mapou (ak ekip Sosyete Koukouy), Bob Lapierre, Jean Targète, Edner Jeanty, Pauris Jean-Baptiste, Émile Célestin Mégie, Deita (Mercedes Guignard), Kesler Brézault (Keslèbrezo), Georges Castera fils, Jeannot Hilaire, Jean-Claude Martineau, Féquière Vilsaint, Maude Heurtelou, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Michel DeGraff, Jowel Laguerre, Papadòs, KIPKAA, Jean-Claude Bajeux? epi kèk chèrchè etranje kouwè Robert Hall Jr, Albert Valdman, Fayo (Raphël Urciolo), Paul Richard Orjala, Gille Lefebvre, Bryant Freeman, Claire Lefebvre (e konpayi), Marilyn Mason, Jeff Allen, Dominique Fattier... ajoute sou lis la. Kisa nou ka aprann de travay / piblikasyon yo sou kreyòl epi aplike l Ayiti nan tout domèn (sitou nan domèn edikasyon kote kreyòl se yon reyalite: lang elèv aprann ladan pi byen) ? Jis kibò kreyòl la rive nan edikasyon Ayiti jounen jodi a? Èske tèks ki disponib an kreyòl jodi a (enkli sa k devlope nan dyaspora a) y ap sèvi ak yo nan lekòl Ayiti? Èske leta ayisyen gen yon enterè nan «difizyon lang kreyòl atravè lekòl Ayiti» e nan tout nivo pou kontinye devlopman l? Konbyen pwofesè segondè, inivèsitè ki prezante konferans yo an kreyòl ? Èske elèv bakaloreya ka chwazi pou ekri ekzamen yo nan youn nan de lang yo? Donk pale de ‘evolisyon kreyòl' epi pou n ta kite kèk kesyon kle tankou sa yo dèyè se ta tankou yon manje ki ta gen tout epis santi bon men ki san sèl. Se vre, ekziste yon ‘evolisyon kreyòl' (o nivo oral e ekri) men aplikasyon lang nan Ayiti (manman peyi a) se yon lòt koze.

SICRAD - Ki prensipal miray ki dwe tonbe pou kreyòl la kab layite nètalkole ?

E. W. Védrine - Bon, m wè ou mansyone «prensipal», sèdike sa k ta pi enpòtan an. La a se ta «politik», yon domèn frajil pou touche Ayiti. Se leta ki gen pouvwa fè e defè tout kote sou latè. Donk ki pouvwa leta ayisyen la a? Èske ta gen gen kèk òganis entènasyonal anbachal k ap manipile koze a pou kreyòl pa ta layitite kò l nètalkole ? An palan de ‘leta', ou vin gen ‘aspè legal' la tou la (ke leta ta dwe veye sou li) e globalman, nou ka met bousòl nou sou konstitisyon an ki deklare de lang ofisyèl: sèdike tout kote fransè a prezan fòk kreyòl ta jwenn plas li tou.

Dezyèm miray la se ta nan moun ki te gen chans rive lwen lekòl (gen moun ki ka rele yo «entelektyèl»). Kit y ap viv nan dyaspora a, kit yo Ayiti se toujou Ayisyen yo ye. Yo dwe dechouke tout vye mantalite kolonyal lakay yo pou konnen se yon pèp yo ye, yo gen pwòp lang ak kilti yo e yo dwe aprann apresye sa. Nan dezyèm gwoup sa a, ou ka wè ‘pwofesyonèl' nan tout domèn; se yo k pou ta sèvi modèl pou jèn jenerasyon an. Nou mansyone laprès deja; li dwe pran responsablite l epi fè bèl travay nan kad konsyantizasyon sa a. Nou bezwen plis moun k ap ekri an kreyòl. Majorite otè ayisyen ekri an fransè; yo dwe kòmanse aprann ekri an kreyòl. Majorite lengwis ayisyen pa pibliye anyen an kreyòl, apa kèk ra lengwis kouwè Yves Dejean ki fè yon diferans. Si lengwis k ap fè rechèch sou pwòp lang yo pa ka ekri/pibliye rechèch nan lang matènèl yo, sa vin tounen yon konmedi, tout yon teyat nan sans sa a pou analize estansyon mantalite kolonyal la, epi ou ka poze tèt ou kesyon sa a: èske y ap fè/pibliye rechèch pou avansman lang kreyòl Ayiti oubyen jis pou fè inivèsite etranje pale de yo kòm «gran chèrchè» k ap ekri sou kreyòl nan lang etranje (men ki pa e ki pa ka ekri yon yota an kreyòl)? Kòm poliglòt tou, mwen pa kont nonplis lefèt y ap ekri/pibliye nan lang zòt; okontrè plis ou pale lòt lang, se plis li pi bon pou ou. Men lang matènèl la nou, espesyalman lengwis, dwe gen yon angajman anvè l e nou dwe sèvi modèl pou jenerasyon k ap vini yo.

SICRAD - Nan tan kote y ap pale sou mondyalizasyon epi kote se lang anglè ki domine nan lemond, kouman kreyòl kab sèvi pou retire Ayiti nan izolman ?

E. W. Védrine - Bon, nou pa ka nye reyalite lang anglè a nan kad ‘mondyalizasyon' e tout sa k an rapò ak tèm sa a. Anglè pase kòm «dezyèm lang» (endirèkteman) prèske tout kote sou latè. Premyèman, nou kapab gade jan l layite kò l deja nan domèn teknoloji, lasyans ak komès an jeneral. Laten te jwi menm privilèj sa a nan yon sèten epòk, men pa wè sa nan yon sans negatif. Mwen plis wè l nan yon nivo «kominikatif». Donk se ta yon erè si lekòl Ayiti pa ta mete anfaz sou lang anglè a tou nan korikilòm yo, kòmanse anseye l depi bonè nan lekòl (menm jan peyi eskandinav yo fè sa). Non sèlman tout elèv ta renmen pase ekzamen anglè a nan bakalora men gen yon reyalite: plizyè inivèsite nan lemonn (kote se pa lang anglè a ki lang peyi sa yo, enkli Ayiti) itilize tèks anglè (nan yon seri disiplin) e an Ayiti, lang anglè a ta parèt (endirèkteman) kòm twazyèm lang. Donk pa gen anyen mal si yo ta ankouraje anseyman l tou depi byen bonè nan lekòl lakay.

Nou gen yon jenerasyon ayisyen nan dyaspora a, se anglè ki domine lakay yo. Pou anpil, kreyòl se ta «dezyèm lang» oubyen yo ta pale l malman men anpil fyè pou di se Ayisyen yo ye oubyen paran yo se Ayisyen. Lang pa izole nou, se nou k izole tèt nou pito. A laj dizan, m te gentan bileng (pale fransè, kreyòl) epi m kòmanse aprann espayòl ak anglè atravè mizik ak liv. Okontrè mwen blame tèt mwen dèske se sèlman sis lang mwen pale; m te gen opòtinite metrize plis. Si ou ta wè yon pwoblèm ‘izolman' nan kad Ayiti, pa panse se kreyòl oubyen fransè k ta koze l. Se vre, estereyotip yo ekziste ant de lang yo men an menm tan ann pa eseye rann yo responsab pou pwoblèm Ayiti.

Lang se jis yon medyòm/mwayen pou kominike. Lang se yon zouti tou men sa depan kijan n ap sèvi avè l. Gen yon sèl peyi nan lemonn ki pale japonè, pa gen ni de ni twa. Èske lang japonè a sèvi yon izolman pou japonè? Ann chache vrè koz pwoblèm peyi a, mete yo ajou pou wè kisa ekzatteman ki ta izole nou: èske se politik lakay ki pa bon? Èske se lidè ki pa reyèlman genyen? Èske se kwè Ayisyen pa kwè nan potansyalite yo pou leve yon seri defi? Èske se angrenay kolonyal la ki anpetre nou pou n pa janm pran responsablite granmoun nou? Yon dal kesyon ki mande anpil refleksyon.

(fen)

Referans
SICRAD: rehred-haiti.net/membres/crad/sicrad/reperes/vedrine.html


Repons sou sijè sa: