Refleksyon Sou Jounen Kreyòl 2000


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel Vedrine afiche mesaj sa, jou 28 Oktòb 2000 a 19:36:17:

Refleksyon Sou Jounen Kreyòl 2000


Gen plizyè fason nou ka entèprete Jounen sa a oubyen kòmante sou senbolis li: kreyòl lang liberasyon, kreyòl sèl lang ki konekte tout Ayisyen, kreyòl kòm lang ki Lega kilti ayisyèn, kreyòl se lang nou pi alèz ladan, kreyòl sèl lang nou fè lanmou ladan pi byen, kreyòl lang zansèt nou yo, kreyòl antre sou entènet la nèt, se kreyòl ki towo a sou tè Desalin. Men kòm Ayisyen ki konsyan de pwoblèm ak reyalite Ayiti, pa gen anyen m pral fete. Ou fete se lè reyèlman kè w kontan, y ap pale de byen pou peyi w kote w pase, lè w di ou se Ayisyen moun pa gen sèt min nan fon men yo souri ba ou. Reflechi!

Se plis pou mwen yon Jounen Refleksyon, non sèlman sou lang natifnatal nou an men sou tout kilti ki gen "kreyòl" kòm non de batèm. Nan tout rechèch k ap fèt sou kreyòl, se Ayiti tout chèrchè mansyone nan tèt lis la epoutan se la yo pi meprize kilti ak lang kreyòl la. Swedizan entelektyèl / lengwis nou yo (kòm mwen mansyone nan yon entèvyou ak SICRAD ) pa pwodui yon pyèlyèm an kreyòl, apa Yves Dejean ki fè yon gwo diferans jodi a. Mesye yo chita ap ekri bèl koze sou kreyòl nan lang Voltè / Chekspi pou yo ba yo grad "gran chèrchè" epitou, depi yo rive nan yon nivo akademik elve, anpil kategorikman elwaye yo de kominote ayisyèn nan. Reflechi!

Donk fò n reflechi sou mantalite sa a, kritike l pou n eseye chanje l. E nou kapab kesyone tou: men ki liv / atik / metòd yo ekri an kreyòl pou ede lang sa a bouje? Ki dokiman yo pwodui / eseye met deyò pou bay ide sou eradikasyon to analfabèt Ayiti? Ki ide yo bay pou montre sa k pa konn fè rechèch (men ki montre yon voulwa nan avansman lang kreyòl la) pou ta ede yo? Kisa yo fè ak tèz / liv yo fin ekri yo? Eske yo menm panse voye kèk kopi nan kèk sant rechèch ki kenbe dokiman sou Ayiti? Panse voye kèk nan Bibliyotèk Nasyonal Ayiti? Reflechi!

Jounen Jodi a, n ap travèse tou kon kriz "dokimantasyon" kote menm dokiman kreyòl (si w ta bezwen fè bonjan rechèch) ou pa menm bezwen pèdi tan al Ayiti (sof si w pral entèvyoure moun pou ranmase yon "corpus" oral [ki fèt deja, plis pa chèrchè etranje nan plizyè domèn]. Fò ou ta pran avyon al Lafrans ak lòt peyi ewopeyen epi al nan kèk bonjan inivèsite Ameriken ak nan "Library of Congress" pou jwenn yon seri dosye (pa sèlman sou kreyòl, men sou Ayiti an jeneral). Reflechi!

Pou Jounen espesyal sa a, m ta di konpatriyòt mwen yo (patikilyèman sa k nan domèn rechèch kreyòl, sa k rele tèt yo kreyolis, jounalis, ekriven, sa k ap fè yon bagay kèlkonk ki an rapò ak kreyòl) pou yo reflechi, analize pwoblèm yo, pa ret fè vye politik chen manje chen / youn ap kraze lòt, men antre nan ou menm, pran konsyans de reyalite peyi nou. Sa ou ka fè a, pa atann okenn glwa an retou / lajan k ap soti nan yon òganizasyon kèlkonk pou ede w men jis fè sa ou wè ki nesesè (menmsi se ak lajan k sot nan pòch ou). Se yon lòt altènatif tou (nan tout domèn) pou n rive chanje vizaj Ayiti: chak Ayisyen eseye fè yon bagay nan domèn li (san nou pa bezwenn tounen pwatann nan ret tann akonplisman pwomès swedizan lidè x / y. Zwazo ki gen plim pa chante. Donk se souwè / refleksyon pa m pou Jounen espesyal sa a.

Kòm chèrchè / lengwis / kreyolis / edikatè / direktè plizyè pwojè rechèch /dwayen Albert VALDMAN ap toujou rete nan tèt plizyè moun yon "ewo estraòdinè", non sèlman pou travay ekselan /san souf li sou yon dal lang kreyòl, sou varyasyon fransè (ki pale tout kote sou latè) men pandan 40 ane rechèch li nan Indiana University (gouvènman fransè voye anbasè François Bujon de l'Estang vin dekore l ak pi gran onè akademic peyi Lafrans bay, "Commandeur dans l'Ordre des Palmes Académiques" [26 okt., 2000] ) li se youn nan chèrchè ki chanje konplètman vizaj inivèsite sa a. Donk menmsi nou ta fin ekri youn, de, twa liv / atik / yon grenn tèz sou kreyòl (byenke se yon kontribisyon kanmenm), pa panse travay la dwe kanpe la epi pou n ap tann moun vin bat bravo pou nou, ban nou yon plak; sa ka fè n vin parese kou chen plenn (kòmsi nou akonpli misyon nou, nou mèt kanpe la). Se kontinye travay la jouk nou pa debou ankò epi pa janm pran chans glorifye travay nou ta fè (sa se travay kritik pou di sa yo panse). Travay chèrchè / atis la se "kontinye pwodui nan nivo maksimòm" nan domèn li epi an menm tan, pase travay lòt moun an revi / envestige travay lòt moun (vin ak kritik konstriktif, pa kritik pou kraze moun si yon moun sa a pa nan gwoup / menm asosyasyon ak ou). Reflechi!

Finalman, gen bèl travay tou k ap fèt nan domèn lòt kreyòl (Guadloup, Lagiyàn, Matinik, Sechèl, Senlisi pa ekz.). Ann ba yo lebra, ankouraje yo. Nou se yon sèl pèp ki gen yon istwa an komen. Nou ka panse a estrateji pou n kolabore / patisipe nan rechèch / devlopman kreyòl lòt kote sa yo (ki pale apreprè menm kreyòl a baz leksik fransè) e nan echanj kiltirèl. Reflechi!

(E. W. Védrine)


Repons sou sijè sa: