Patisipasyon nan fowòm REKA lò sa bon, lò sa pa bon


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel Vedrine afiche mesaj sa, jou 30 Oktòb 2000 a 21:30:09:


Patisipasyon nan fowòm REKA lò sa bon, lò sa pa bon


Bon, anpil nan kòmantè ki diskite nan lis REKA, mèt yo te ka lage yo tou sou fowòm nan; sa ta ede anpil ak rechèch. Gen bèl diskisyon ki fèt nan lis la men domaj, yo pa anrejistre nan fowòm nan, sètadi yo ka pèdi pi devan (sitou si REKA poko òganize l menm jan ak kèk lòt lis kreyòl ki kenbe dosye diskisyon k fèt sou lis yo epi pou retrase yo trapde pou rechèch).

Se youn nan bagay enpòtan pou REKA (kòm "gwoup kreyòl" ki gentan fofile l nan yon nivo entènasyonal nan ti bout tan ekzistans li) panse a sa. Gen moun tou ki genlè pè bay opinyon yo sou fowòm nan; m pa konn poukisa. Se chak grenn Ayisyen ki responsab avansman kreyòl la. Si w ap di ou sipòte kreyòl (nan bouch sèlman) se tèt ou w ap blofe. Fò w montre "aksyon" (se tankou ou ta ap plede di yon fi ou renmen l, ou renmen l men ou pa janm fè okenn sakrifis pou li pou pwouve amou sa a) e youn nan aksyon sa yo se "patisipasyon" w nan diskisyon lis la ak nan fowòm nan tou pou fè REKA vanse nan objektif li.

Gen moun ki konn pran pretèks di "yo pa gen tan". M pa kwè pesonn ki Kanada / Etazini... ta reyèlman gen tan lib. Se pito yon kesyon "sakrifis". Nou tout gen yon nonb lè pou n bay blan an, gen sa k gen pitit, fanm / mari ak plizyè lòt okipasyon.

Travay la se tout yon "kòve" (konbit) ki mande fanm / gason vanyan. Ou pa bezwen cherchè, kreyolis devan Pè Letènèl pou pote kolaborasyon pa w nan avansman lang kreyòl la. Si w se achitèk (ou ka vin ak yon lis vokalitè achitèk itilize), anseyan, chanpantye, astwonòt, avoka, avyatè (pilòt), bòs mason, chapantye, chofè kamyon / manyonèt, doktè, doktè bowo, ebenis, enfimyè, enjenyè, fanmsaj (fanmchay, famsaj), jijdepè, jounalis, kaptenn batiman, kòdonye, kwòkmò, lengwis, machann, machann fèy, machann fresko, mekanisyen, oungan, pastè, politisyen, pwofesè lekòl, pwogramè konpitè, tayè, vodouyizan... mete sou lis la, ou ka vin ak yon lis tèm ki itilize nan pwofesyon / nan domèn ou ke lòt moun pa konnen / pa t janm konnen.

Nan yon kòve, gen moun k ap kwit manje, gen moun se bwa yo pote, gen moun se tafya yo sèvi, gen moun ki espesyalis nan desann gwo chòdyè (soukri), genyen se dlo y ap bwote, genyen se hou / pikwa / manchèt y ap voye (depan de kòve a) men, "esansyèl" sèke chak moun ap fè yon travay, chak moun kolabore nan kòve a, tout moun gouye kò yo yon jan.

Nan syèk tounèf la, gen anpil defi pou n leve (si nou di nou "renmen" Ayiti, si nou di nou ta renmen koze yo chanje lakay e la a, nou gen yon dosye "lang" devan nou ki poko antre anndan lekòl 100% ak nan tout koze leta ki an rapò ak peyi a) e nou menm ki nan dyaspora a, nou gen aksè a lajan / teknoloji; sa k rete sèlman se "disipline" tèt nou, pran responsablite nou an men / angajman nan travay nou ke Ayiti ak gran kominote ayisyen an ("dyaspora a") ka benefisye de yo.

Yo ka kritike n, di n fou lè n angaje nan yon travay serye (kòmsi n ta enbesil, nou pa ta konn enpòtans "tan" pou n fè lajan pou achte bèl kay / bèl oto... nou pa ta konn "gou plezi" men lè w reflechi byen, ou vin reyalize ke tout bagay sa yo se "vanite", "vanite". Tout ap pase rapid epitou lè w fèmen de grenn je w nan twa moso planch lan (yon vye sèkèy madoulè) menm yon $ Tonton Sam yo pa p ba ou pou ta bay Senpyè (si w ta wè l). Men lè ou fè kèk bèl travay kite, kote jenerasyon ki gen pou wè solèy demen pral benefisye de yo, ou konnen w te patizipe nan leve nen peyi w, ou kite tout yon eritaj dèyè, ou santi w ta souri nan vye sèkèy la lè ou fèmen je w.

Ayiti se Izrayèl nou (nou menm Ayisyen), chak kou l kraze, nou gen yon devwa rebati l. E nou ta swete bandi pa kontinye kraze l.

Bravo pou tout sa yo k ap travay san pran souf pou chanje vizaj Ayiti!

(E. W. Védrine)


Repons sou sijè sa: