Referandòm + Eleksyon 26 novanm 2000


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 31 Oktòb 2000 a 10:42:26:

Gen yon Ayisyen ki te pwopoze pou pèp Ayisyen deside sò eleksyon 21 me
yo. Ki jan Lopozisyon, Lafanmi osnon Ayisyen ki sou fowòm sa a wè
kesyon an.

Èske nou pare pou nou kite pèp Ayisyen deside sou sa ki regade li?

Eleksyon prezidansyèl prevwa pou 26 novanm. Pa gen ankenn politisyen ki
byen nan tèt li ki ka panse yo ka genyen kont Aristide. Kidonk, se pa la a
pwoblèm nan ye. Kidonk, nou ta gendwa ajoute yon kesyon senp nan kad
eleksyon 26 novanm nan, kote yo mande sitwayen an «èske ou vle anile epi
refè eleksyon 21 me yo, osnon aksepte rezilta ki te pibliye yo?».

Epi, selon sa pèp la deside, se sa ki va fèt.

Si ou pa dakò ak sikjesyon sa a, pou ki rezon? epi ki sikjesyon pa ou?

Jafrikayiti



Repons sou sijè sa: