An repons a: Referandòm + Eleksyon 26 novanm 2000 Jafrikayiti te ekri a,
Guy Antoine afiche mesaj sa, jou 31 Oktòb 2000 a 11:53:11:
Jafrikayiti, voye lide referandòm sa a tou patou. Mwen dakò san pou san se PÈP la ki pou deside avni li, se pa entelektyèl yo, se pa Washintonn, se pa Kominote Entènasyonal. Se PÈP la. Ke nou renmen desizyon pèp la, ke ou pa renmen li, se sa ki gade'w. Tout moun gen dwa defann enterè pa yo, men alafendèfen, se desizyon majorite a ki fèt pou li respèkte.Tout moun ki pa ta dakò ak chwa pèp la genyen yon responsabilite pou yo chache eklere pèp la, lò yo wè pèp la nan erè, men yo pa gen dwa fè kadejak sou pèp Ayisyen.
- Referandòm + Eleksyon 26 novanm 2000 LUC 30/11/2000
- Referandòm + Eleksyon 26 novanm 2000 Jafrikayiti 31/10/2000