An repons a: Referandòm + Eleksyon 26 novanm 2000 Guy Antoine te ekri a,
Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 31 Oktòb 2000 a 18:00:38:
Onè Guy,Monchè, se pa ti kontan mwen te kontan lè mwen te remake pwopozisyon sa a nan nouvèl (si m pa manti sete AHP ak SICRAD) sa gen apeprè de semenn konsa. Mwen pa sonje non Ayisyen ki te fè sikjesyon referandòm sa a orijinalman men, monchè mwen gade anwo, mwen gade anba, se pi bon lide mwen tande jiskaprezan.
Poutan, mwen pa janm tande ankenn reyaksyon fèt sou sa. Èske gen lòt kanmarad ki konnen kijan Fanmi Lavalas, Convergence, osnon Gouvènman Préval/Alexis a te reyaji sou pwopozisyon referandòm nan?
Sa a, menm "zanmi Ayiti" yo t ap oblije aksepte li kòm yon solisyon valab e mwen pa kwè se kichòy ki t ap koute anpil lajan pou yo reyalize li, si sa fèt nan menm woulib eleksyon prezidansyèl 26 novanm nan.
Antouka, kisa zòt di sou sa?
Jafrikayiti