An repons a: Annou Analize sitirasyon Lakay la! Jude Gardy te ekri a,
jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 18 Novanm 2000 a 09:47:50:
Onè-respè Jude-Gardy,Monchè mwen kontan inisyativ sa a ou pran la a paske sitirasyon tansyon ou ap viv la se kichòy mwenmenm tou mwen santi.
Se vre nou dwe fè efò analize koze yo ak tèt frèt. Selon pèsepsyon nou, sa nou konnen, sa nou kwè.
Pou kanmarad ki fè lekti nan lang angle, mwen ankouraje yo voye yon lèy sou tèks mwen ki rele "Killing the dream by means of strategic genocide" la. Ladan l mwen fè yon rale sou lakrentif mwen genyen pou lidè politik nou yo pa pèdi nan forè a paske yo chita ap konte grenn pye bwa. Sa vle di: yo si tèlman preyokipe ap fè lesefrape youn ak lòt osijè deklarasyon tèt bòbèch pasi pala, yo pa rann yo kont kijan depi 1991, se pèt k ap fèt nan mitan kan popilè a.
Antouka, mwen kanpe la ak lespwa nou va resevwa kèk analiz nan men lòt kanmarad ki vizite lakou a.
Respè,
Jafrikayiti