An repons a: Timoun paran retounen Haiti jafrikayiti te ekri a,
Emmanuel Vedrine afiche mesaj sa, jou 09 Desanm 2000 a 15:52:08:
Mwen li kòmantè Nekita a ak pa Jafrikayi a sou sijè a, men toulede manke pou elabore sou gwo pwoblèm sa a. M ta swete yo vin ak plis kòmantè pi devan epi m ta ankoure tout edikatè ayisyen, tout moun ki konsyan de avni timoun nou yo pou ankouraje plis deba fèt sou yon sijè enpòtan konsa (nan tout medya ayisyen an).
Ann jete yon koudèy sou rasin pwoblèm nan:1. Koz imigrasyon Ayisyen - -
Premyèman la a, gen yon koz prensipal ki fòse paran yo kite Ayiti ki: "pwoblèm ekonomik", pase si tout moun te ka souse yon zo Ayiti, yo te ka travay nòmalman, m pa kwè peyi etranje ta tèlman enterese yo. Dezyèmman, sou diktati Divalye a (papa ak pitit), toude mesye yo te konsantre plis sou yon "politik rigid" (pou te kenbe pouvwa a pou letènite) kote yo pa fè okenn refòm ekonomik. Se vre lavichè plis kòmanse sou Janklod (si n ap konpare ekonomi an sou Papa Dòk). M sonje ak 4 goud (epòk 1969) ou te ka fè manje pou yon kay ki gen sèt bouch; bagay yo pa t chè, goud la pa t devalye, peyi a t ap fè ti espòtasyon, touris t ap antre... men an menm tan, moun t ap kite peyi a pou firè diktati a. Tip imigrasyon Ayisyen ki te kòmanse nan ane 60 yo (lè Divalye te kòmanse montre anbisyon l pou kenbe pouvwa a pou tout tan) te diferan de imagrasyon Ayisyen sou Janklod. Nan premye faz la, li plis parèt yon aspè politik men potko gen fenomèn botpipo nou pral wè sou Janklod la pi devan (ki plis chita sou "pwoblèm ekomik" ki te oblije anpil moun nan tout rakwen peyi a kòmanse met deyò) e se erè kapital sa a tou (asbans refòm ekonomik + konsantrasyon sou politik ki pa respeskte dwazimen [malgre kèk entèvansyon gouvèlman Jimmy Carter sou koze ‘dwadelòm']) ki pral eksite pèp la bat chalbari dèyè Janklod (epòk 1985 lè tanperi politik Ayiti a kòmanse monte tout bon vre apre asasina twa elèv lekòl Gonayiv pa Lame Darati).
2. Konpòtman paran anvè timoun yo - -Poukisa m di konpòtman paran yo la a? - Konpòtman sa a ka parèt sou faz: "eritaj kiltirèl" (kote paran yo vle leve timoun nan menm jan yo leve l Ayiti e nan kèlkeswa milye li te leve a, san rann kont kijan bagay yo ye nan peyi akèy la).
3. Dwa timoun yo konnen yo genyen nan peyi akèy la - -
Nan peyi akèy la, timoun yo konnen dwa yo (y al lekòl, yo gen ti zanmi lekòl kote yo pataje fristrasyon ak kontantman yo pafwa), yo konnen dwa ki pwoteje yo e paran yo pa sipoze vyole dwa sa yo. Lè Ayisyen kite Ayiti, li pa kite kilti li. Sètadi l vwayaje ak menm kilti sa a e menm klas sosyal li te apateni an; e la a, nou kapab wè refleksyon kòmantè ki nan pwen "2" pou n ta entèprete.
4. Abi yon seri paran fè timoun yo nan peyi akèy la - -Nou pa kapab jis pale mal de timoun yo san nou pa pale de "abi" yon seri paran. Pa ekz., mwen pa kwè nan bat timoun byenke defen papa m te konn bat / sabote m pou ti krik ti krak (lè m te timoun) pase l panse se te youn nan meyè fason pou korije timoun (lè l ap dezòd, lè l pa etidye). Imajine w yon papa konsa rive Etazini epi konnen pou l ta kontinye konsa; li ka pran prizon e timoun yo pa ti sen: yo ka fè nenpòt reyaksyon. Se yon bagay ki te fristre m lè m te konn wè pwòp papa t ap kale m pou ti krik ti krak, make po w ak fwèt lè m te Ayiti e anpil fwa m te oblije mawon ki te ka menm koze m suiside tandiske manman m pa janm bat mwen men li te plis parèt yon zanmi pou mwen.Timoun pa bliye; donk etan paran / edikatè ann eseye fè tout sa k pozitif pou ede yo. Pa joure yo, pa ba yo move non, toujou montre nou renmen yo (menmsi yo ta gen kèk konpòtman negatif pafwa, chita pale ak yo jantiman) pa bat yo men ann eseye konprann pwoblèm yo epi chache wout solisyon yo.
Gen plizyè etap nan lavi timoun nan nou dwe konnen e eseye konprann (menmsi nou pa t janm suiv okenn kou sikoloji). Gen etap fò l jwe ak lòt timoun, fò l gen ti zanmi e nou menm etan paran, se nou ki ta dwe premye zanmi timoun yo, nou ta dwe mennen yo nan sinema, mennen yo nan pak, ankouraje yo pou fè zanmi ak bon timoun ki pa nan sa k pa sa, mennen timoun sa yo lakay pou jwe ak yo, fè devwa ak yo men majorite ti Ayisyen pa jwenn bagay sa yo nan men paran. Paran yo non sèlman (anpil ap fè de dyòb) men yo pa reyèlman konnen sa k pase nan vi timoun nan. Timoun nan fristre lè sa a e fò l fè zanmi kanmenm. Genyen ki vin tonbe nan gang, se pa paske yo move timoun men lè yo fè fas ak yon seri pwoblèm (kote yo pa jwenn repons nan paran yo), gang nan parèt kòm refij yo, solisyon a pwoblèm yo. Mwen analize pwoblèm sa yo nan kèk elèv mwen te genyen nan "high school" ki nan gang, ki montre yon respè estraòdinè pou mwen. Lè m eseye dyagnostike pwoblèm nan, m wè tout se yon seri bon timoun men ki pa t gen bon gid paran.
Gen yon vid lakay yo (a yon sèten laj) e pwoteksyon gang nan te ofri yo (an patan) pa t parèt yon bagay negatif pou yo, ni tou yo pa t konnen ki konsekans sa ta vin genyen pou yo pi devan (prizon, move dosye, depòtasyon Ayiti). Menm nivo fristrasyon sa a te fè m vag sou lèkòl apre kèk mwa m te rive Boston (kote m te santi m dezoryante totalman; se kòm yon bèl ti plant ou rache yon kote pou al plante l nan yon lòt tè) epi jwenn lè ti Ayisyen an poko pale anglè lè l te fè k antre nan lekòl meriken (ane 70 yo Boston, tout pwoblèm rasis ki te anvòg nan lekòl yo): imedyatman ou te yon sib pou kèk ti Ameriken Nwa; altènatif ou se ta: antre nan gwoup yo oubyen w fè klan pa w (kote youn nan sous gang ti Ayisyen Boston kòmanse pou te pwojete yo ak zanmi yo [ant ane 70, 80 yo]).
5. Èske voye timoun nan tounen Ayiti se meyè solisyon an? - -Kesyon sa a fè m sonje fristrasyon degoutans m te kòmanse devlope pou pa al lekòl ankò Etazini. E mwen panse se akoz konsèy m pa t ka jwenn nan men pesonn oubyen jwenn moun ki te reyèlman konprann mwen a laj sa a Etazini. Gen anpil travay ki dwe fèt nan sans sa a pou ede ti Ayisyen (kit yo Kanada, Etazini). Se responsable edikatè ayisyen (moun k ap anseye, ki nan medya a, pwofesyonèl ki konekte ak yon travay edikatif kanmèm nan kominote yo). Premyèman, ak esperyans pa m kòm moun ki vin Etazini jèn, m pa sipòte pou paran fè timoun yo kite Ayiti piti; sa ka dezoryante yo. Li ta preferab kite yo lekòl Ayiti, kite yo viv / grandi nan pwòp kiliti yo epi yo ka vin nan kolèj / inivèsite aletranje lè yo gran. Lekòl Ayiti se tout yon kilti pou drese timoun yo e tout timoun Ayiti (menm sa ki pa ka al lekòl) ta renmen mete bèl ti inifòm sou yo pou al lekòl. Se nan lekòl Ayiti timoun yo ranmase yon seri prestij k ap bon pou yo alavni. Sa ankouraje yo fè konpetisyon, pou bay rannman lekòl epi se meyè bagay lè timoun grandi nan pwòp kilti l, diferan de ti Ayisyen ki fèt nan dyaspora a (menmsi yo ta pale kreyòl, se kilti ameriken, kanadyen... an ki reyèlman domine lakay yo).
Nou gen chans pèdi timoun yoplis lè n voye l tounen Ayiti. Kisa l pral fè ojis? (Sitou si l te nan gang, fè yon seri move esperyans – Èske l pa pral tounen chèf zenglendo?. Kisa enstitisyon k pre Ayiti pou ede timoun sa a? Pou konprann li? Donk pou evite pwoblèm sa a, nou menm kòm edikatè ann wè tout fason posib nou ta kapab ede paran yo dabò (menmsi yo bay timoun yo rezidans pou yo kite yo al lekòl Ayiti / grandi nan kilti lakay (pandan yo kapab vwayaje lè vakans nan peyi akèy la pou familyarize yo ak de kilti yo) e y ap rive fè plis bagay pozitif (tank yo kite Ayiti pi gran se tank y ap vin pi matire).
Mwen kwè nan "edikasyon" (sou tout aspè) e ‘edikasyon' ti Ayisyen (sa k Ayiti, sa k imigre nan dyaspora a, sa fèt nan dyaspora a - se yon sijè trè enpòtan pou n abòde, diskite sou li, bay opinyon nou: kijan nou kapab ede solisyone pwoblèm sa yo. Wòl paran trè enpòtan nan koze a men anpil paran ayisyen ki nan dyaspora a pa reyèlman konprann timoun yo e pwoblèm y ap travèse. Ki reponsablite nou etan edikatè ki konprann pwoblèm sa yo? - Se yon responsablite ki lou e nou pa dwe rete sèlman dèyè tablo, dèyè biwo nou ap ret tann chèk nou san n pa eseye fè yon seri travay konkrè pou ede timoun sa yo, kreye yon seri pwogram pou yo pou evite yo tonbe nan gang, pou evite yo tonbe nan prizon. A chak fwa malè sa yo rive yo, nou dwe blame tèt nou kòm paran (ki konprann, edikatè ki konprann koze yo, ki ka bay ide pou bon solisyon). Men èske n aktif nan ede kominote nou (kit nou Boston, Nouyòk, Chikago, Miyami, Monreyal, Otawa, Washintonn...)? Èske n vin nan radyo, televizyon, al nan lekòl kote k gen ti Ayisyen pou n fè pwogram pou yo? Pou n fè yo aprann istwa / kilti yo? Nan ki mize nou mennen yo lè wikenn? Ki dènye sinema nou t al gade ak yo? Nan ki dènye pak nou t al jwe ak yo? Epi n ap di yo pa bon? Ann panse etan paran / edikatè pou wè kilès ki reyèlman antò.
Youn nan swè m apati 2001, se ede jèn ayisyen bati "idèship, òganize klib lekòl, kreye pwòp medya yo (radyo, jounal, pajwèb, piblikasyon...). Si n montre timoun yo nou renmen yo, nou se zanmi yo, nou konsyan de fiti yo, nou pa rape telefòn nan bouch yo lè y ap pale ak ti zanmi, pa defann yo al soti ak bon ti zanmi men di yo pran tout prekosyon, nou pa fè yon seri aktivite ak yo, n ap pèdi yo. Vrè edikasyon timoun se lakay sa dwe kòmanse. M tou pwofite okazyon sa a pou di manman m: bòn fèt kòm meyè manman ki te ka ekziste pou mwen nan lemonn.
(E. W. Védrine)
- Wòl nou anvè timoun yo etan paran, edikatè Michel-Ange Hyppolite 12/12/2000
- Wòl nou anvè timoun yo etan paran, edikatè Emmanuel Vedrine 22/12/2000
- Wòl nou anvè timoun yo etan paran, edikatè Jack Speese 12/12/2000
- Wòl nou anvè timoun yo etan paran, edikatè Jude Gardy 12/12/2000
- Wòl nou anvè timoun yo etan paran, edikatè Jafrikayiti 13/12/2000
- Wòl nou anvè timoun yo etan paran, edikatè Jude Gardy 13/12/2000