Pawòl Pwofèt Jozèf yo konsekan toujou


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Pawòl Pwofèt Jozèf yo konsekan toujou Michel-Ange Hyppolite te ekri a,

Pwofèt Jozèef afiche mesaj sa, jou 24 Desanm 2000 a 22:56:51:

Mèsi Kanmarad Michel-Ange pou sipò ak ankourajman w ap bay nan defans dwa lengwistik pèp ayisyen an!

Mwen oblije tounen sou kesyon plas lang kreyòl la okipe nan mitan systèm Edikasyon lakay apre adopsyon Konstitisyon 29 mas 1987 la.

Anpil konpatriyòt ka petèt manje manje bliye sou zafè dwa lengwistik e konstitisyonèl pèp ayisyen an anvan e apre 1987. Anvan1979, lang kreyòl la t ap valkande tankou yon chen fou san mèt sou tout kolektivite tèritoryal peyi Dayiti, men li te toujou rete dèyèdo pòt tout lekòl. Apati septanm 1979 rekonesans òtograf lang kreyòl la rive tabli ofisyèlman e jiridikman pou te penmèt li franchi papòt lekòl fondamantal. Nou ka raple lalwa ki te mete refòm Jozèf Bèna a kanpe sou de pye militè li a te ekzije lekòl fondamantal fonksyone avèk kreyòl kòm lang ansèyman depi premye ane pou rive katryèm ane epi kòm matyè ansèyman jouk nan nevyèm ane.

Avèk lalwa sila, lang mouche Molyè a vin gen dezyèm plas e ansèyman ni dwe fèt kòm lang segond aloral senpman pandan kat premye ane lekòl fondamantal la. Sak enpòtan ankò timoun pa ka pase nan Sètifika si l pa reyisi ekzamen lang kreyòl la. Se te anvan 1987.

Règ jwèt la vin chanje avèk Konstitisyon 1987 la ki di nan atik 5 kreyòl ak franse se lang ofisyèl, men kreyòl la se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Lang kreyòl vin pran ofisyèlman premye plas kòm premye Leta kòm sèl lang inite ak koyezyon nasyonal.

Depi 13 zan bagay sa ap bay Edikasyon nasyonal tèt chaje kap mande kounye a solisyon pou penmèt li respekte lalèt ak lespri Konstitisyon 1987 la.

Oumenm k ap li ti rale sa a, ki sijesyon, ki solisyon, ki konsèy ou ka bay edikasyon nasyonal pou penmèt li respekte dwa jenn yo ak Konstitisyon 1987 la sou zafè lang kreyòl la?

Kenbe rèd!

Pwofèt



Repons sou sijè sa: