An repons a: Pawòl Pwofèt Jozèf yo konsekan toujou jafrikayiti te ekri a,
Pwofèt Jozèf afiche mesaj sa, jou 26 Desanm 2000 a 11:37:22:
Onè ak respè pou kanmarad Jafrikayiti.Sitiyasyon lang kreyòl la nan sistèm edikasyon ayisyen pa tèlman chanje, menm apre pwoklamasyon Manman lwa 1987 la ki ranje kabann lang kreyòl la. Kòm tout Ayisyen konnen, an Ayiti, sektè prive akapare 89% lekòl. Yo kite senpman 11% bay sektè piblik leta a. Kidonk, tout desizyon ministeryèl ki pran, si lekòl prive yo vle bòykote l se pa alye ni ganizon ak ranfò yo manke. Genyen yon Dekrè ki parèt nan Lemonitè no.19 jou 19 mas 1989 anba siyati Minis Remi Zamò ki tranche pou yon bilengwis ekilibre e fonksyonèl nan lekòl peyi Dayiti. Palasuit, Ministè a te mande pou tout lekòl respekte Dekrè sila nan fonksyonman ak ansèyman beleng nan tout lekòl peyi a. Avèk Dekrè 1989 la, Ministè a limenm deside prezante 2 ekzamen leta pou evalye aprantisay fen dezyèm ak twazyèm sik fondamantal yo nan 2 lang ofisyèl peyi a (kreyòl-franse.Men majorite lekòl prive yo deside boude politik bilengwis Ministè a. Yo kontinye ap fonksyone san yon tizing enkyetid paske yo konnen ekzamen yo prezante an franse tou pou tout matyè. Vwala kote nou ye kanmarad. Ki solisyon nou k ap sijere nan sitiyasyon kachkach Liben sere Liben sila?
Kenbe kin!
Pwofèt nan lakou Monreyal
- Timoun paran retounen an Ayiti Nekita 28/12/2000