An repons a: Pawòl Pwofèt Jozèf yo konsekan toujou Pwofèt Jozèf te ekri a,
Nekita afiche mesaj sa, jou 28 Desanm 2000 a 18:10:19:
Zanmi Fowòm Kreyol yo,
M ap swete nou tout la rezone. M pa konnen si m ka chanje sijè a pou on timoman.
On kesyon mwen genyen sou timoun paran yo voye yo retounen an Ayiti paske yo pa konpòte yo byen lè yo swa Ozetazini, oubyen Okanada.M pa konnen pou Ewop. Eske timoun nan chanje tout bon? Kòman adaptasyon an fèt lè timoun sa a tounen an Ayiti? Epi lè li retounen Ozetazini ankò?
Eske gen moun ki vle kòmante sou fenomèn sa a?
Ankò
Bòn Ane
Nekita