Rezime Konferans PrEs KOZEPEP - 4 Desanm 2000


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Marcel Innocent afiche mesaj sa, jou 30 Desanm 2000 a 14:11:59:


KOZEPÈP
Rezime Konferans Près - 4 Desanm 2000

KOZEPÈP se yon Òganizasyon Peyizan endepandan ki tabli nan 9 depatman peyi-a. Depi kreyasyon-l, li te bay tèt
li yon misyon ki rezime nan 4 fonksyon.

1. Mobilizasyon Peyizan-yo pou yo patisipe nan Eleksyon ak tout lòt aktivite politik, sosyal, kilitirèl kap fèt andedan peyi-a pou sispann kenbe Peyizan andeyò sa kap fèt nan Peyi-a.

2. Obsève pwosesis electoral-la depi nan enskripsyon rive jis nan pwoklamasyon rezilta vòt yo.

3. Travay nan tèt kole ak Eli-yo pou yo ka soutni pwojè kinan enterè Peyizan-yo.

4. Patisipasyon nan definisyon yon politik agrikòl klè, nan definisyon pwojè-yo ak priyorite-yo.

KOZEPÈP te obsève eleksyon 21 Me ak 9 Jiyè. KOZEPÈP te obsève eleksyon 26 novanm 2000 la tou.

Nan eleksyon 26 novanm, KOZEPÈP te gen 5, 842 obsèvetè ki te mobilize nan tout peyi-a, pou yo te ka veye ke vòt peyizan-yo pat fè wout kochi.

Diferans ant eleksyon 21 Me ak eleksyon 26 Novanm: 21 Me, te gen plis bilten nan men chak elektè (6 à 7) sa te fè ke chak elektè te bezwen plis tan pou yo vote, sa ki te kreye anbouteyaj nan liy devan biwo vòt yo.

26 novanm, sate pi fasil, chak elektè te gen sèlman 2 bilten epi pat gen anpil kandida. Sitiyasyon sa-a fè ke operasyon vòt la te mache pi vit, pat gen twòp anbouteyaj devan biwo vòt yo.

Daprè obsèvasyon KOZEPÈP, patisipasyon-an te ant 60 a 65%. Moun-yo te vote nan lapè, te gen sekirite. Ti enkovenian ke nou to obsève-yo pa ka nwi rezilta operasyon vòt yo.

KOZEPÈP ap voye yon gwo kout chapo pou KEP-LA, tout kò POLIS NASYONAL-la, GOUVÈNMAN-an, ki mete tout bòn volonte-yo, tout kapasite-yo, pou reyalize gwo operasyon-sa-a avèk mwayen peyi-a te kapab mete nan men-yo.

KOZEPÈP ap felisite pèp Ayisyen-an pou entelijans-li ak matirite politik-li, ki te pèmèt li chwazi wout eleksyon pou kore demokrasi nan peyi-a.

Kounye-a Eleksyon fini. KOZEPÈP pral antre nan faz mobilizasyon Peyizan-yo pou bay pwodiksyon nasyonal Peyi-a jarèt, ke se swa nan sektè Agrikòl, ke sa swa nan sektè atizana, ou byen nan sektè transfòmasyon ak endistri.

Faz mobilizasyon sa-a ap rive tou nan tabli bon jan dialog ak dirijan leta-yo pou nou tabli ansanm yon politik agrikòl ki dwe pran an konsiderasyon tout bezwen mas peyizan-yo nan sans pou yo jwenn la vi miyò. Politik agrikòl sa-a dwe konsidere tout filyè pwodiksyon-yo.

KOZEPÈP pra-l akonpaye eli-yo ak peyizan-yo pou fasilite travay-yo sou teren-an, pou defini priyorite-yo e enterè peyi-a.

Andedan KOZEPÈP, peyizan-yo yonn konn lòt nan 9 depatman Peyi-a, yo ka antann-yo pi fasil pou chwazi pwojè priyorite-yo san chire pit.

Nou menm Peyizan KOZEPÈP nou pa vin mande djòb, nou vle pito kreye djòb nan sektè agrikòl-la ki se baz ekonomi peyi-a. Batay sa-a, nou menm peyizan, nou vle mennen-li jis nan bout-li.

KOZEPÈP pra-l tabli tou relasyon avèk peyizan nan lòt peyi-yo nan kad solidarite peyizan ak peyizan. Sa-a se te rèv Jean Dominik, yon Agwonòm Jounalis ki te renmen peyizan ayisyen anpil.

Mèsi.



Repons sou sijè sa: