BOn fEt AYITI CHERI !


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 01 Janvye 2001 a 11:57:45:

Bòn Fèt, Ayiti!

Ki sa mwen ta swete pou ou jodi a? Mwen mande pout tout pitit ou yo twouve mwayen pou yo kapab ede w redrese tèt ou ak fyète, ak diyite, ak lespwa, ak kè kontan.

Mwen ta swete yon gwo mirak reyalize lakay: pou politisyen w yo yon jou leve epi yonkou yo konprann voye monte pa sifi ankò. Epi lò yo gade nan men yo, yo va wè yon bwat zouti pou yo ede malere yo bati bèl ti kay kote pou yo dòmi, yo va wè pèl ak pikwa ak semans pou yo rebwaze peyi a, yo va wè yon ti liv alfabetizasyon pou yo aprann li e ekri kreyòl e pou yo pataje konesans sa yo ak tout frè yo ak tou sè yo ki pa konnen ni li ni ekri nan okenn lang (si jodi a kreyòl pale kreyòl konprann, demen tout sa yon Ayisyen pale, tout lòt Ayisyen yo va konprann), lò yo va chache revolvè yo se yon jèb flè yo va trouve nan plas li...

Tout politisyen a vin bòs mason, tout bòs mason a vin politisyen.

Pou nou resi fè yon pa ann avan san nou pa fè bak de pa ann aryè. Pou lan 2004 la rive san nou pa nan chire pit toujou.

Pou tout Ayisyen konprann si yo gen yon bèl kay nan mitan salte, sa pa bèl. Si yo gen bèl oto nan mitan twou al labou nan wout kraze, sa pa bèl. Si y ap depanse lajan tankou moun fou nan banbòch aloske konpatriyòt yo ap mouri grangou, se maryaj Jan Klod ak Michelle la y ap reyalize ankò. Si y ap vole resous peyi a, si se lajan dwòg y ap jwi, nou ta swete yo vin wè klè se travay y ap travay pou avili tèt yo.

Pou gran limyè a desann nan tèt tout Ayisyen.

Pou lanmou peyi a envayi kè yo tou.

E lò sa, Ayiti, rèv Tousen ak Desalin te reve pou ou sa gen 200 zan a va reyalize!

Mwen gen lespwa pifò nan mitan nou a va wè jou sa rive. Sa va bèl anpil.



Repons sou sijè sa: